top of page

NOS PUBLICATIONS

FMAS selebre 25èm Jounen Entènasyonal Lang Manman

Photo du rédacteur: fondationmshaitifondationmshaiti



 

Pou make 25èm Jounen  Entènasyonal Lang Manman, Fondation Maurice A.  Sixto (FMAS)  òganize yon kokennchenn aktivite nan Bibliothèque Michèle Tardieu nan komin Petyonvil vandredi 21 ak samdi 22 fevriye 2025.

 

Devan plizyè dizèn jèn, Iléus PAPILLON ak Karine MARGRON, yo chak te prezante yon kominikasyon. Si Iléus PAPILLON te touche kesyon "Lang manman kòm nanm, idantite ak kilti", Karine MARGRON, bò kote pa li te prezante yon dokimantè sou Patrimwàn ritmik ayisyen an.

 

Pandan dewoulman eveneman sila a, asistans lan te gen opòtine viv yon entèvyou Karine te genyen ak Ti Corn, yon gran lejann nan mizik ayisiyen an.

 

Pou mete bout nan premye jounen  an, Fondation Maurice A. Sixto te pwofite onore travay pwomosyon lang ak kilti kreyòl Iléus PAPILLON ak Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ap fè depi kèk tan nan peyi Ayiti ak lòt kote. Yon omaj ki temwanye respè pou kontribisyon yo nan valorizasyon kilti peyi a.  Fondasyon an te  onore tou Karine Margron pou kontribisyon l nan mizik tradisyonèl ayisyen an.

 

Nan dezyèm jounen an, te genyen yon fwa pwodui agrikòl ak atizanal nan menm espas la.  Se te yon lòt bèl jounen kite gen anpil animasyon, ekspozisyon liv ki ekri an kreyòl, jwèt tradisyonèl, mizik twobadou, koregrafi timoun Fondation Maurice Sixto yo ak ekzibisyon san nou pa bezwen pale de bon jan diri ak lalo ki te fè kè tout moun kontan.

 

Piblik la te satisfè anpil de jounen sila yo. Moun yo mande pou FMAS panse a yo nan pwochen aktivite l ap genyen.

 

Comentarios


CONTACTEZ_NOUS

#28, Rue Gabart, Pétion Ville, Haïti 

info@fondationmauricesixto.org
+509 3449-3583 / 718-355-8201

Success! Message received.

  • Blanc Facebook Icône
  • Blanc Twitter Icon
  • Blanc Icône Instagram
  • Blanc Icône YouTube
bottom of page